Èske pitit mwen genyen ki gen doub nasyonalite a ka al Etazini ak paspò etranje l? Ki paspò pitit mwen gen ki gen doub nasyonalite a ap itilize pou l antre/soti Etazini?

  • Daprè lalwa, sitwayen Ameriken, sitwayen ki gen doub nasyonalite yo tou, dwe itilize yon paspò Ameriken pou yo antre ak soti Etazini. Sitwayen Ameriken pa kalifye pou yon viza Ameriken. Yo fè sitwayen Ameriken/Bahamas ki gen doub nasyonalite yo konnen pou yo pote toulède paspò yo genyen ki valid yo (pou Etazini ak Bahamas) lè yo prale.kite Etazini. Sitwayen ki gen doub nasyonalite yo ap gen obligasyon pou yo bay paspò Ameriken yo nan imigrasyon Ameriken e yo ka mande yo pou yo montre paspò Bahamas yo lè y ap pase nan imigrasyon Bahamas la.

  • Si pitit ou a se yon sitwayen ameriken, yo pa kalifye pou yon viza ameriken, menm si ou pa t dokimante yo kòm yon sitwayen ameriken. Si w vle antre oswa soti Ozetazini ak pitit ou ki se yon sitwayen ameriken, ou dwe gen yon paspò ameriken pou pitit ou a.