Èd Finansye Annijans

Konsil Ameriken yo ka ede sitwayen Ameriken ki aletranje ki nan bezwen pandan yon moman yo akoz sikonstans yo pa t prevwa. Ameriken ki nan sitiyasyon sa yo ta dwe kontakte Konsila Jeneral oswa Biwo Depatman Eta a ki Bay Sèvis pou Sitwayen ki Lòtbò Dlo a nan 1-888-407-4747 (pandan lè yo travay) oswa 202-647-5225 (nan lè biwo a fèmen). Konsil yo ka ede Ameriken ki nan bezwen yo pou yo kontakte fanmi, bank, oswa travay yo pou yo fè transfè lajan. Nan kèk sitiyasyon, yo ka voye lajan sa yo pa mwayen Depatman Eta a. Pou plis enfòmasyon sou fason yon konsil ka ede w nan sitiyasyon sa yo, Tanpri ale sou sit entènèt Anbasad la sou: https://bs.usembassy.gov/services/#financialassistance .

Nan seksyon U.S. Citizen Services la, chwazi “Emergency Financial Assistance”.

Gen plis enfòmasyon ki disponib tou nan sit entènèt Depatman Eta a ki se https://travel.state.gov/content/travel.html , chwazi “International Travel,” chwazi “Emergencies,” epi suiv enstriksyon ki nan seksyon “Emergency Financial Assistance for U.S. Citizens Abroad”.

Si w ta renmen pale ak yon moun dirèkteman konsènan yon Èd Finansye Annijans nan Bahamas oswa nan zile Tik ak Kaykòs, rele Anbasad oswa Konsila ki pi pre a:

Naso:

Tanpri, rele: 1 242 322 1181 ext.1

Nan lè biwo yo pa ouvri: 1 242 322 1181 ext.43111