Èd Legal

Pou èd legal nan Bahamas oswa nan zile Tik ak Kaykòs, tanpri gade sit entènèt nou an ki se: https://bs.usembassy.gov/legal-assistance/ . Nan seksyon U.S. Citizen Services, chwazi “Legal Assistance”. Se la w ap jwenn yon lis avoka pou chak distri konsilè.

Tanpri remake: Depatman Eta a pa pran okenn responsabilite oswa chaj pou kapasite pwofesyonèl, oswa kalite sèvis antite oswa moun non l mansyone sou lis ki annapre yo. Sa ki nan lis la pa gen okenn apwobasyon Depatman an oswa gouvènman Ameriken an. Non ki nan lis la nan lòd alfabetik, e lòd yo parèt la pa gen okenn enpòtans. Enfòmasyon ki nan lis la soti dirèkteman nan men pwofesyonèl k ap bay sèvis lokal yo; Depatman an pa nan pozisyon pou l valide enfòmasyon sa a.