Ki kote m ka jwenn enfòmasyon konsènan vizit nan Anbasad oswa Konsila Etazini an pou yon randevou ACS?

Nou dwe verifye tout vizitè nèt, sitwayen Ameriken yo ladan l tou, anvan yo antre nan Anbasad oswa Konsila Ameriken an e yo ka fè yo pase nan aparèy kote y ap mache pou verifye si yo gen metal sou yo e yo ka pase yon aparèy sou yo pou verifye si yo gen metal sou yo. N ap byen verifye tout objè pèsonèl pa mwayen radyasyon ak lòt materyèl deteksyon.

Moun k ap aplike yo ta dwe rive, pou pi plis, 15 minit anvan randevou yo a pou yo ka pase etap sekirite a.

Pou w jwenn plis detay sou dispozisyon nou pran nan domèn sekirite, lè nou travay yo, nimewo pou w kontakte lè w gen ijans, ak lòt enfòmasyon ki koresponn pou Anbasad Etazini an nan Ayiti ale sou:

https://ht.usembassy.gov/u-s-citizen-services/