Ki kote m ka jwenn enfòmasyon konsènan viv oswa vizite Ayiti?

Depatman Eta a bay enfòmasyon sou pwoteksyon ak sekirite pou tout peyi nan monn nan pou ede w evalye, poukont ou, danje ki gen nan vwayaje. Tanpri ale sou https://Travel.State.Gov , International Travel, Country Information pou w jwenn paj enfòmasyon pou peyi w prale a.

https://travel.state.gov/content/travel/en/international-travel/International-Travel-Country-Information-Pages.html

Chak paj enfòmasyon sou yon peyi gen yon Avi anrapò ak Vwayaj, Avètisman, ak lòt detay enpòtan ki gen rapò ak peyi sa a ki ka gen enpak sou ou. Byen gade egzijans pou w antre ak soti yo, lwa ak koutim lokal yo, kondisyon pou sante, ak lòt detay pou w deside si vwayaje nan peyi sa a ap bon pou ou. Epi w ap jwenn adrès ak nimewo telefòn anbasad oswa konsila Etazini ki pi pre a. Mache avè yo pou si w ta gen yon ijans.